Foto pwofesyonèl nan studio ak deyò, nou baze nan Columbus, Ohio.
Chwazi opsyon ki pi bon pou ou a. Ou ka chwazi nan studio oubyen ou ka fè l deyò (nan lari, lakay ou oubyen kote w vle).
Pou w pran randevou a wap peye yon frè rezèvasyon (li pa ranbousab), epi jou w vin fè foto a wap bay rès la. Frè rezèvasyon an ap konte nan pri total sesyon an.
Opsyon sa bon pou foto anivèsè, foto matènite, foto gradyasyon ak lòt pòtrè kreyatif. Si nou pi plis pase 4 moun, tanpri rezève sesyon fanmi an.
Opsyon sa bon pou foto anivèsè timoun, foto tibebe ak lòt bèl pòtrè timoun. Rekòmande pou yon sèl timoun.
Opsyon sa se pou fanmi, zanmi ak foto gwoup. Kontakte nou avan si nou plis pase 6 moun.
Chwazi kote w vle nan Columbus la (nan lari, lakay ou, oswa nenpòt kote ou vle), nou ka ede w chwazi tou. Ou ka peye yon frè deplasman si se pa nan zòn Columbus lan, tanpri kontakte nou avan w rezève.
Opsyon sa bon pou foto anivèsè, gradyasyon ak pòtrè fashion. Pou w pran randevou a, wap peye yon frè rezèvasyon, epi jou foto a wap bay rès la.
Wap planifye yon maryaj, yon fèt oswa yon lòt evènman? Ann pale sou sa w bezwen an avan ou rezève.
Wap jwenn foto yo sou 3 a 7 jou aprè sesyon an. Si w bezwen yo pi rapid, ou ka ekri m depi avan pou n wè kòman n ka jere sa.
Wi, ou ka pran plis foto, wap jis peye pou sa. Aprè sesyon an wap gen pou w chwazi foto w pi renmen yo. Travay ou san travay, nou pa fè kado foto.
Wi ou ka chanje dat oubyen lè a depi w fè m konn sa pou piti 24èd tan avan. Sonje nou pa remèt lajan deposit la, si w rete konsa w pa vini, wap pèdi l.
Wi, nou deplase pou n al fè foto nan Columbus la oubyen nenpòt lòt kote a. Li posib pou w peye yon frè anplis pou deplasman, ekri m avan pou n pale de sa.
Ou gen yon kesyon? Ekri nou sou WhatsApp, oubyen ranpli fòm nan pou w voye yon email.
WhatsApp nou
Ranpli fòm sa pou w voye yon email pou nou.
Tanpri pran yon ti tan pou li règ sa yo avan ou rezève. Sa ap ede nou bay yon sèvis ki klè, pwofesyonèl, epi san pwoblèm.
💡 Yon ti Konsèy: Pa enkyete w si ou pa konn fè pòz, nap gide w pandan sesyon an. Men ou ka chèche kèk pòz sou rezo sosyo yo ke ou ta renmen imite epi pratike yo davans pou yon pi bon rezilta!
W PHOTOGRAPHY
Hey! Mwen se Walky, fotograf epi fondatè W Photography.
Vini pou m klere w! 🔥🚀📸